Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye fanmi frè nou Alex Delone ki mouri nan yon sitiyasyon trajik nan koumansman mwa fevriye a; Lantèman fanmi an fèt wikenn ki sot pase a
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nou pase son videyo dokimantè "Chache Konn Dwa w" Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pibliye pou mete zouti nan men fanmi nou yo ki te rantre isit Etazini san papye epi yo gen pou pou parèt devan ICE ak jij imigrasyon
Nouvèl:
-Sekretè Jeneral Nasyonzini Antonio Gutteres anonse Ekwadoryèn Maria Isabel Salvador kòm ranplasan Madan Lalim
-Majistra Chicago a Lori Lightfoot soti nan twazyèm plas nan eleksyon primè pou l ta re-eli
-Sir Ronald Sanders demisyone nan komisyon OEA ki ta dwe ap travay sou dosye Ayiti a
-Time magazin pibliye yon atik ki konfime wòl CIA te jwe nan arestasyon Nelson Mandela nan 1962 kote l te rive pase 27 lannen nan prizon
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons