Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye matant mwen epi marenn mwen Dèdèt nan Granrivyè k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA anonse Vandredi 8 oktòb, 2pm - 6pm devan biwo imigrasyon nan Manhattan, 26 Federal Plaza
Son manifestasyon devan 26 Federal Plaza a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 8 oktòb 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Jodi a se jou ferye; Se premye ane Gouvènman Etazini efase jou ki te konn rele "Columbus Day" a epi yo batize l "Indigenous Peoples' Day" (Jounen pou Selebre Pèp Endijèn" yo; Di a se yonn, fè l tout bon an se yon lòt
Nouvèl:
-Diplis sou dokiman Pandora yo ak koneksyon Carlos Morales Troncoso nan Repiblik Dominikèn
-Finalman li parèt se pou tout bon Anbasadè Meriken an Michele Sison ap kite Ayiti
-Jijman 14 enkilpe nan sasinay ansyen Prezidan Burkina Faso a, Thomas Sankara, ap fèt
-Lapolis nan Guatemala fè konnen yo jwenn 126 refijye ki fèmen kadnase anndan yon gwo kamyon; 106 nan yo se Ayisyen
-Nou jete dlo pou Vanyan Ernesto "Che" Guevara; Samdi 9 oktòb la te fè 54 lannen depi li te tonbe anba bal restavèk Etazini nan peyi Bolivi
Mobilizasyon pou otobis pou n al manifeste nan Chappaqua madi 26 oktòb, jou fèt manman vòlèz Hillary Clinton
Liy ouvè ak oditè yo