Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Nouvèl sou dosye Omikwon an
-Entènasyonal la voye 108,000 dòz vaksen kovid Johnson & Johnson bay Ayiti
-Majistra lavil New York la ofri $100 vèt pou tout moun ki ta deja fin pran 2 dòz vaksen kovid epi k ta aksepte pran "booster" a anvan premye janvye 2022, jou l ap renmèt pouvwa a bay Eric Adams
-Diplis sou kont blan an rakonte sou fason 12 blan misyonè k te rete nan men kidnapè 400 Mawozo yo rive sove nan mitan lannuit; CNN te gen rapòte kidnapè yo te touche pou liberasyon blan yo
Ti koze ak Mèt Bano sou sasinay lapolis NY fè yè maten nan Eastern Parkway ak Utica sou yon jèn gason 26 lannen k te rele Eudes Pierre
Ti koze ak sè nou yo Zermatt Scutt ak Abdaly "Louli" Lessage sou ekriven aktivis bell hooks epi sou travay 2 medam sa yo ap fè nan Edisyon 2 Kreyòl yo nan Jakmèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons