Manifestasyon KOMOKODA Vandredi devan konsila Kenya; Repòtaj Kiba; Nouvèl; Konbit pou selebrasyon 13yèm anivèsè Radio Omega...
********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA pral fè Vandredi 20 oktòb devan konsila peyi Kenya nan NY
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Jodi a ankò Etazini vote ansanm ak Izrayèl nan Konsèy Sekirite LONI pou jenosid sou Palestinyen yo kontinye
-Lènmi Ayiti yo ap mache prese, Misyon OEA a ak "teknisyen Dominiken gen tan debake sou fwontyè a
-Reyinyon chanpwèl Kanada ak CARICOM sou do Ayiti nan Ottawa
Mobilizasyon selebrasyon 13 an Radio Omega k ap fèt samdi pwochen nan restoran Chez Mirelle