Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl:
-Miami Herald rapòte Marco Rubio ta pale nan sans ke Etazini pa p vin retire Jovenel nan sa l ye la a
-Popilasyon Ekwatè kanpe dan di pou kapote gouvènman Lenin Moreno a
-Gouvènman Hong Kong limenm anonse si l pa ka jere manifestasyon yo k ap fèt laba a l ap sètoblije rele Lachin pou yo vin mete lòd nan dezòd
-Sekretè Jovenel yo mete deklarasyon deyò pou denonse pèp la ki manke manje konseye Jovenel yo samdi a devan Radio Caraibes
-Nasyonzini fè konnen li sanlè fè fayit; 37,000 anplwaye l yo ka pa ka touche apre fen mwa sa a
Nou pase istwa Jean Claude Martineau ki rele Bèfchenn
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Vandredi swa moun yo pa rive idantifye sasinen Joshua Brown ki te temwanye nan jijman Amber Guyger ki te sasinen Botham Jean
-Gouvènman Trump la pou yon dekrè pou egzije apati 3 novanm tout etranje k ap aplike pou viza pou vini Ozetazini blije demontre yo genyen lajan pou peye pou nenpòt swe sante yo ta ka bezwen oswa yo prezante sètifika asirans sante k ap kouvri yo pou tan y ap fè Ozetazini an
Liy ouvè ak oditè yo