Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA jedi 28 jiyè 2022 devan katye jeneral Citi Bank pou n make 107yèm anivèsè okipasyon Meriken 1915 lan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 29 jiyè 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Elikya Ngoma sou desantdelye FBI Meriken fè sou plizyè biwo ak kay dirijan African Peoples Socialist Party epi sezi dokiman travay yo su pretèks se ta Larisi k ap finanse aktivite òhanizasyon sa a
Nouvèl:
-Gadkòt Meriken anonse yo Jedi 28 jiyè a, yo jwenn 5 kadav Ayisyen epi yo peche 68 Ayisyen nan dlo Pasaj Mona ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko
-Gouvènman Kiben an anonse Vandredi 29 jiyè a yo genyen 141 Ayisyen ki te kite Lagonav ak destinasyon Miami men ki al chwe lakay yo
-Gouvènman Ayisyen an anonse l ap pran responsabilite lantèman 17 Ayisyen k te mouri nan dlo Bahamas dimanch pase a
-Gouvènman Bahamas arete epi anonse l pral jije 3 Bahamyen ak yon Ayisyen yo akize ki ta òganizatè vwayaj kote 17 fanmi nou peri a
-Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen (SYNAPOHA) anonse 31yèm pwomosyon polis yo ki gradye an desanm 2021 ap kouri sou 8 mwa y ap travay epi yo panko janm touche
-Jodi a fè 16 jou depi kidnapè pran jounalis Alterpresse Edner Decimé
-Plizyè gran vil nan peyi Almay sètoblije ap mezire kouran, dlo cho, ak è kondisyone akoz pa gen gaz ak luil
-Yon lektè jounal Nassau Guardian ekri jounal la pou mande ki sa komisyon CARICOM ki ta dwe al adrese dosye gang ann Ayiti a pral regle lè yo pa t janm regle anyen nan pil gang Jamayik yo
-Maria Abi Habib nan NY Times lage yon nouvo atik sou Ayiti samdi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons