Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou leve kanpe devan Beacon Theater jedi swa apati 6pm pou n manifeste kont Bill ak Hilary Clinton k ap pale nan espas sila a nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 12 avril 2019 la ak ti deplase fanmi Anba Tonnèl la te fè pou n t al wè ekspozisyon travay grafik frè nou Frantz Louis
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Ti rapò sou prezantasyon dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la ki te nan tribinal mèkredi pase
-Ti rapò sou manifestasyon KOMOKODA devan prezantasyon Bill ak Hillary Clinton nan Beacon Theater jedi pase
-Nou salye frè nou Raymond Dugué
-Jij William Kuntz nan Brooklyn nan deside suiv chimen Jij Chen nan California epi l mete yon kanpo sou dezisyon Trump pou fèmen TPS pou Ayisyen Ozetazini
-Koudeta nan peyi Soudan: apre 30 lannen Omar el-Bachir pèdi pouvwa l
-Prezidan Ekwatè a retire azil Julian Assange epi li envite peyi Angletè vin arete msye anndan anbasad Ekwatè nan vil Lond; Mannèv ap fèt pou pimpe Assange vin manje prizon oswa menm pèn lanmò Ozetazini
Anons