Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Konbit pou Leonard Peltier; Nou ankouraje fanmi an siyen petisyon Rudy Thomas Sanon kont Gamall Augustin; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Ranmase sou aktivite Harlem-Palestine Peace Walk nou te patisipe vandredi a
Nou ankouraje oditè nou yo sipòte kanpay pou kolekte $50,000 pou akeyi prizonye politik endijèn Leonard Peltier k ap tounen lakay li demen apre 50 lannen nan prizon
Nou ankouraje fanmi k ap tande nou yo al siyen petisyon Rudy Thomas Sanon animatè emisyon "Se sa nou vle" pibliye pou l jwenn 3000 siyati pou mande ULCC mennen yon ankèt sou jesyon restavèk Martelly k rele Gamall Augustin nan Televizyon Nasyonal
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Demen madi a ekip Trump lan gen randevou nan Arabi Saoudit ak ekip Putin nan pou yo negosye fen lagè "proxy" Etazini ap mennen nan Ikrèn depi 2022 a; Zelensky ak Inyon Ewopeyèn estomake dèske Trump ap chache fèmen dosye a san patisipasyon yo
-Zelensky rejte pwopozisyon Donald Trump lan; Li di l pa p siyen pou bay Etazini mwatye pou tout mineral peyi Ikrèn ki gen gwo valè yo
-Boukantay prizonye politik ant Israel ak Hamas la kontinye malgre djòl pwès ak menas pou batay la relanse epi pou Etazini ak Israel ta atake Iran
-Anpil anpil kritik sou gouvènman tchoul restavèk Ayiti a k ap depase 4 milyon pou kanaval pandan yo gen yon kwi nan men yo ap mande pou sekirite epi pou bay Ayisyen manje
Liy ouvè ak oditè yo
Anons