Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Salitasyon pou tout fanmi ki branche k ap koute emisyon an
Ti koze ann Angle ak Carl Dix ki se responsab Pati Kominis Revolisyonè sou mobilizasyon k ap fèt jedi 22 oktòb la pou denonse maspinay ak sasinay lapolis
Ranmase an Kreyòl sou ti pale nou fè ak Carl Dix lan
Nouvèl:
-Negosyasyon yo mare ant chanm depite Meriken an ak Laprezidans pou yon lòt ti kòb kowonaviris ta tonbe nan men moun k ap viv Ozetazini anvan eleksyon 3 novanm nan
-Gwo selebrasyon pèp Bolivyen an apre viktwa pati MAS ansyen prezidan Evo Morales ap dirije
-Apre etap poze kesyon an se Jedi 22 oktòb la komite Jidisyè nan chanm Sena Meriken an pral vote si wi ou non y ap voye Jij Amy Coney Barrett la monte
-Apre nouvo gouvènman peyi Soudan an dakò pou derape relasyon diplomatik ak Izrayèl, Etazini dakò retire Soudan nan lis peyi k ap soutni teworis
-Lajistis peyi Lafrans deside enkilpe ansyen prezidan Nicolas Sarkozy pou asosyasyon malfektè epi vyolasyon lwa kanpay elektoral dèske li te pran 50 milyon Ewo nan men Muammar Kadafi pou l te fè kanpay elektoral an 2007
Liy ouvè ak oditè yo