Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nouvèl
-Dokiman odyo ki tonbe ak vwa ansyen prezidan Meriken Ronald Reagan k ap rele moun nwa makak ki panko fin abitye ak soulye nan pye nou
-Responsab Gouvènman Ayisyen yo ta debake nan peyi Bahamas pou al mennen yon ankèt sou akizasyon koripsyon anndan Anbasad Ayiti nan peyi sila a
-Soukous dosye Arnel la riske jete Senatè Gracia Delva
Frè nou Raymond Dugué pote ti nouvèl ki soti nan Manman Lafrik epi l envite kominote a nan Festival UNIA ak FACA ROC ap òganize nan Rosedale, Queens lan dimanch 4 out pou selebre lavi ak travay Marcus Garvey
Liy ouvè ak oditè yo: Ki moun ki branche?
Ti koze sou gwo manifestasyon ki tanmen nan koloni Hong Kong
Anons