Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje fanmi an pou yo pa bese gad yo menm lè nou wè kantite moun k ap teste pozitiv pou kowonaviris lan ak moun k ap mouri yo ap bese nan zòn New York lan
Nou salye frè nou Raymond Dugué ki pèdi granmè li Madam Edovia Bernadel
Nou salye sè nou Manzè Choublak (Darlene Fabienne Lozis) ki pèdi papa li Pastè Nicolas Rogès Lozis
Yon lòt fwa ankò n ap salye Claire, Myrielle, Fedlaire, ak Ilna. Se demen lantèman Msye Hilaire "Bei" Aristide ap fèt nan Brooklyn nan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 8 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis sou dekrè Gouvènè New York la Andrew Cuomo ki entèdi mèt kay mete moun deyò nan kay yo jiska 20 out 2020
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
N ap salye memwa konpatriyòt Wilfrid "Tido" Lavaud ki fè travèse li vandredi 8 me ki sot pase a
Devlopman nan atak mèsenè Meriken te mennen kont Gouvènman Prezidan Maduro a nan Venezyela
Anons