Nou jete dlo pou Vanyan Martin Luther King Jr; Nou jete dlo pou Vanyan Sekou Odinga ki janbe Vandredi a; Son ak rapò Manif 12 janvye devan Fondasyon Clinton; Mesaj Prens Tiecoura Dorleans Desalin; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se jou konje gouvènman Meriken an bay pou onore Martin Luther King Jr.; Nou salye memwa Vanyan an
Nou jete dlo pou Vanyan Sekou Odinga, yon militan Meriken Nwa ki fè travèse li Vandredi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Son ak rapò manifestasyon KOMOKODA devan Fondasyon Clinton Vandredi 12 janvye k sot pase a; Sa kèk medya ak òganizasyon nan peyi a bay sou bilan rekonstriksyon an apre 14 lannen
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou jenosid Izrayèl ap fè sou pèp Palestinyen an nan Gaza
-Dènye nouvèl nan Primary Repibliken an pou Repibliken yo deside ki kandida k apral twoke kòn ak Biden nan eleksyon Novanm 2024 la
-Malgre gwo frap Meriken ak Angletè, militan Houthi yo di yo pa p sispann bloke batiman k ap chache travèse lamè wouj yo
-Eskandal piblik pete nan dosye Attorney General Georgia a Fanni Willis kont Donald Trump ak bizawèl li yo; Avoka Trump yo ap fè mannèv pou diskalifye manmzèl
-Semèn pase a dyalòg relanse nan Washington ant Gouvènman Repiblik Dominikèn nan ak Gouvènman Ayisyen an sou dosye kannal la
-Gouvènman Biden nan pote yon dosye ki riske afekte plizye milyon imigran ki t ap viv legalman Ozetazini
-Lèt plizyè senatè Meriken voye ba Joe Biden sou dosye Ayiti a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons