Ayibobo pou Pè Janmari Vensan; "Town Miting" KOMOKODA fè yè a; Prince Tiecoura Dorleans Desalin; 6 nouvo peyi BRICS yo; Pwogram Biden nan devan jij; Mèsenè toupatou nan mond lan...
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi, 28 out 2023 a fè 29 lannen depi sasinay Pè Janmari Vensan; Nou jete dlo pou Vanyan an
Ranmase sou "Town Miting" KOMOKODA ki fèt nan Brooklyn nan yè Dimanch lan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Dosye 21 eta Etazini pote kont Program Biden nan devan yon jij nan Texas; Chanjman nan aplikasyon "Pwogram Biden" nan
-Diplis sou 6 peyi ki jwenn envitasyon pou yo rantre nan BRICS la; Ki sa sa pral vle di nan reyalite mond lan
-Ki konsekans disparisyon alatèt gwoup Wagner a, Msye Prigozhin; Tout gwo peyi yo genyen òganizasyon mèsenè yo epi yo toupatou nan mond lan
-Delegasyon lapolis Kenya ki t al Ayiti a rive lakay yo apre yo fè eskal NY
-Videyo pran lari ki montre pil ak pakèt manti lapolis Philadelphia sou sasinay
Liy ouvè ak oditè yo