Emisyon espesyal 2zèd tan
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye sè nou Ninaj Raoul k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Nou salye frè nou Antoine Adan ki pèdi yon kouzen li Ayiti. Nou di fanmi an Kouraj!
Adan te fè nou sonje samdi a se te 101yèm anivèsè nesans sanba Maurice Sixto; Nou jete dlo pou vanyan an pou tout sa l kite pou nou
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 22 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project ki pote nouvèl nan zafè lekòl nan lavil New York la pou fanmi an
Gwo konpliman pou premye gason mwen Amadou k ap gradye kolèj demen madi a
Nouvèl:
-Gouvènman Meriken an anonse ansyen alatèt FRAPH la Emmanuel "Toto" Constant ap nan lis 78 Ayisyen y ap depòte demen madi a
-Batiman "tanker" Iranyen yo ki pote gazolin pou ede peyi Venezyela a rive nan peyi sila a
-3 pwòch Donald Trump ki te nan prizon rive jwenn liberasyon an anvan lè akoz kowonaviris la
-Bra yon jij elektoral nan Philadelphia ki t ap vann eleksyon pran nan moulen
-N ap chèche rezilta konbit ki te fèt dimanch 17 me 2020 an pou lajan ki ta dwe al nan koze kowonaviris ann Ayiti, si gen moun ki konn dekiprevyen tanpri fè n jwenn ti kal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons