Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl nan dosye Covid-19 la: FDA apwouve Chloroquine kòm medikaman doktè gen dwa preskri pou kontre maladi a; Konsèy Dr. David Price ki nan Cornell Medical Center sou prekosyon pou moun pran nan lari a
Ti koze sou fason rankont Anba Tonnèl yo pral vanse pandan Covid-19 la lòk peyi a ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorlean Dessalines
Ti koze ak frè nou Jean Robert Bernagene ki responsab IGSSS Tax sou ti moso nan 2.2 trilyon an Gouvènman Meriken an ap voye bay moun k ap viv Ozetazini kòmkwa pou ede yo travèse sezon Covid-19 la
Nouvèl:
-Gouvènman tchoul lakay la anonse yo re-entegre polisye Yanick Joseph ak 4 lòt yo te revoke yo nan fonksyon yo
-Kòm mannigèt pou enstale Guaido prezidan Venezyela a pa pran, Etazini anonse li mete manda arestasyon kont Prezidan Nicolas Maduro
-Mannigèt anbasad Meriken ansanm ak konpayi charter Eastern Airlines pou pete fyèl moun ki Ayiti ki sitwayen Meriken ki bezwen rantre lakay yo Ozetazini
Anons