Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 28 fevriye a ak sè nou Fabyèn Yasent
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Nou salye frè nou Pierre Augustin ansanm ak fanmi li: Madi ki sot pase a lapolis Nassau County sasinen yon neve Pierre ki rele Matthew Felix nan Cambria Heights; Anons manifestasyon k ap fèt mèkredi 4 mas la a 4è nan kalfou Linden Blvd. ak 217th Street kote lapolis touye Matthew an
Nou salye fanm vanyan Juanita Young, yè premye mas la fè 20 lannen depi yon polisye NYPD te sasinen pitit li Malcolm Ferguson
Nou te rive jwenn frè nou Prince Tiecoura Dessalines ki aktyèlman nan peyi Kiba men malerezman siyal la tonbe epi n pa rive rejwenn li
Refleksyon Fritzner sou "Dènye" Minis lan Ti Kouyon Jovenel ta nonmen maten an
Nouvèl:
-Apre 19 lannen batay Meriken mete latche l nan mitan janm li epi l siyen yon akò lapè ak Taliban yo nan Afghanistan ke yo di yo pa rekonèt
-Dènye nouvèl nou jwenn nan dosye Covid-19 la
-Vòt Nwa Meriken nan South Carolina voye Kandida pou "sena" Meriken an Joe Biden monte nan eleksyon Pati Demokrat la samdi swa; 3 bèf tonbe apre Primary sila a!
-Ti koze sou lwa eta NY koumanse aplike yè pou entèdi biznis k ap kolekte taks bay kliyan yo sache plastik
-Gouvènman peyi Lafrans anonse prezidan peyi a Macron ap vanse ak refòm nan koze avanse laj pou moun jwenn pansyon ak dekrè prezidansyèl olye yo voye lwa al vote nan palman peyi a
-Jèn gason nan Vilajdedye pete filè nouvo "chablende" Jovenel yo
Samdi k sot pase a te 29 fevriye 2020, 16 lannen depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la: Kapitalis se peche mòtèl!