Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi yo lakay ki kanpe djanm depi jedi 7 fevriye a pou chavire chodyè a
Nou jete dlo pou Pè Joachim Anantua ki fè travèse li jedi k sot pase a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 8 fevriye 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Junction nan Brooklyn nan (Nostrand Ave. ak Flatbush Ave.) jedi 3pm-6pm
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak Nancie Adolphe sou manifestasyon k ap fèt nan Washington demen madi a pou fanmi k gen TPS yo ka jwenn kat rezidans pèmanan yo
Nou fini emisyon an ak son manifestasyon KOMOKODA devan Konsila Ayisyen nan NY la jedi 7 fevriye k sot pase a