Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Yon lòt fwa ankò Dr. Jean Fils Aimé trennen kominote Ayisyen nan Kanada a nan yon lòt malatchong: "The Rod Joseph Show"; Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA Vandredi 22 out; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon lòt fwa ankò Dr. Jean Fils Aimé trennen kominote Ayisyen nan Kanada a nan yon lòt malatchong: "The Rod Joseph Show"
Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè kont Etazini ak Nasyonzini nan Manhattan
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl
-Yon bato ki t ap pote chay ak 16 moun soti Okap pou rive Miragwàn koule; Nou di Ginen yo Mèsi dèske pèsonn pa mouri
-Revokasyon majistra Okap la paske popilasyon an di li pa ranmase fatra epi ranplasman li ak Angie Bell, yon Meriken dorijin Ayisyen ki se li k pwopriyetè "Pou Bèl Ayiti" ki te gen kontra ranmase fatra Okap
-Ekip Trump lan ap ofri timoun 18 an jiska grandèt 70 an lò ak dyaman pou yo vin travay pou ICE
Liy ouvè ak oditè yo
Anons