Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 19 novanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti diplis ak Profesè Asselin Charles sou dosye Lachin nan
Nouvèl:
-"Lajistis" Etazini deklare Kyle Rittenhouse pa t fè anyen mal
-Eskandal pete sou majistra k apral pran pouvwa a Eric Adams ki peye Edu Hermelyn, mari Rodneyse Bichotte la $80,000 pou yon djòb anpil moun di li pa konn fè epi l pa t fè
-Popilasyon Gwadloup di se twòp atò ak koze obligasyon pou tout moun pran vaksen; Menm jan ak popilasyon anpil lòt peyi yo kraze, yo brize, yo boule kawoutchou
-Enspektè Jeneral DHS (Homeland Security) di pa gen ka pou envestige anyen nan sa gad fwontyè sou chwal yo te fè fanmi nou yo anba pon Del Rio a
-63 Ayisyen soti Ayiti epi ateri tèt dwat nan Key Largo nan Florid
-Gouvènman Ayisyen an anonse l ap ouvri yon konsila nan Tapachula nan Meksik; Jedi k sot pase a yon nouvo karavàn refijye kite Tapachula pou yo rive nan fwontyè Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou pelerinaj 52yèm Jounen Nasyonal Dèy nan solidarite ak fanmi endijèn yo