Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Segman Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè chak jedi sou imigrasyon epi vyolans k ap fèt sou fanm ak Taina Exant; Taina pale sou diferans ant ICE ak tribinal imigrasyon epi fason pou w toujou rete enfòme sou randevou ou genyen
Nouvèl:
-Prezidan Ikrèn nan Volodymyr Zelensky ap fè yon virewon ala Hollywood nan Washington DC
-Ti vòlè Hans Ludwig Joseph Jovenel te mete alatèt ULCC pou l fè kase fèy kouvri sa anonse li bloke byen ansyen direktè Ladwàn nan Romel Bell akoz sanksyon entènasyonal. E tout lòt yo?
-Lapolis ak lame Repiblik Dominikèn fè yon desantdelye san manda nan lokal òganizasyon MUDHA nan mitan lannuit samdi swa pou louvri dimanch maten 18 desanm
-Yè mèkredi a, entènasyonal la prezante yon pyès teyat an 2 tan epi nan 2 diferan espas: ti komik Ariel Henry ki t ap djèdjè nan Hotel Karibe epi reprezantan entènasyonal gang Babekyou-G9 la, blan Kim Ives nan Konsèy Sekirite LONI nan Manhattan
Liy ouvè ak oditè yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin