Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Nouvèl; Ekip Gwo Moso a ap bay moun Biden yo ak moun ki gen rezidans pèmanan panik; Liy ouvè; Anons...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Elikoptè ki pran bal yè a se elikoptè gouvènman kwoupyon an lwe pou transpòte gouvènman an; Se pa elikoptè k ap fè komès Pòtoprens-Okap pou mil dola a
Nouvèl:
-Yon kokenn goudougoudou 7.7 frape Myanmar; Yo deja jwenn plis pase 3 mil kadav; Gen kote ki di chif final la ka depase 10 mil
-Jij federal Dale Ho nan New York la fèmen dosye Eric Adams nan malgre li di fason Depatman Lajistis Trump la mande fèmen dosye a sanble yon magouy ki fèt pou Adams ka ba yo lese pase pou mete grif yo sou imigran pou yo depòte yo
-Depatman Homeland Security voye you email bay tout moun Biden yo pou ba yo panik pou yo ka kouri Etazini pou kont yo anvan24 avril 2025; Gwo menas pou imigran ki gen kat rezidans pèmanan ki te vwayaje andeyò Etazini k ap retounen
-Alatèt 9 ti komik yo, Fritz Jean fè yon diskou maten pou l deklare peyi li pran pòz l ap dirije a nan lagè kont gang teworis yo; Popilasyon an griyen dan l mande 9 vòlè yo sa yo t ap tann
Liy ouvè ak oditè yo
Anons