Dahoud sonje papa li, Mr. Andre; Altagracia Jean Joseph jete dlo pou sè nou Sonia Pierre; Mobilizasyon pou manif KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Dominiken 3pm pou 6pm demen mèkredi a; Nouvèl; Liy ouvè; "Giving Tuesday"; Anons...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Dahoud sonje papa li, Mr. Joseph Wilfrid Andre; Si l te la toujou, jodi a t ap fè li 89 rekòt kafe
Mobilizasyon pou manif KOMOKODA k ap fèt devan Konsila Dominiken 3pm pou 6pm demen mèkredi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki jete dlo pou sè nou Sonia Pierre; Demen 4 desanm 2024 la ap fè 13 lannen depi Sonia kite nou
Nouvèl
-Pandan tout moun ap pale koze gang ak koripsyon nan KPT a, pwojè konstitisyon ak eleksyon Meriken an ap vale teren
-Nouvo minis afè etranjè Ayiti a Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, pran baton peleren li pou l al lòbi pou pwojè HELP ak pwojè HOPE nan Washington
-Sou inisyativ Chi Ossé, manm Konsèy Minisipal lavil NY la, 14 novanm ki sot pase a Konsèy la vote yon nouvo lwa kote moun k ap lwe kay pa p gen pou peye ajan koutye yo yon mwa lwaye anplis pou yo jwenn kay la
-Cargill, ki se pi gwo konpayi prive Ozetazini anonse l ap revoke anviwon 8,000 nan 160,000 anplwaye li yo paske pwofi yo ki abitye 6-7 milya dola bese rive 2.5 milya pou ane 2024 la
-Canada ak Meksik koube yo devan Donald Trump apre li menase ajoute jiska 25% enpo anplis sou pwodui y ap voye Ozetazini
-"Special Counsel" David Weiss ki t ap pousuiv dosye Hunter Biden nan voye pye pou desizyon Joe Biden nan; Msye mande tribinal rejte dokiman Joe Biden nan
-Apre msye fin siyen "gras" pou pitit li Hunter Biden, Joe Biden pran wout pou Angola pou l ap pouse pwojè "Lobito Corridor Investment Promotion Authority" pou wè si Etazini ak G7 la ta kontre inisyativ "Belt and Road" (Silk Road) Lachin nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons