Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou jete dlo pou viktim koudeta 29-30 septanm 1991 yo
Nan dènye jou Mwa Papa Desalin nan, yon lòt fwa ankò, emisyon Eritye Papa Desalin jete dlo pou Vanyan an
Nou remèsye oditè yo ki koute epi ki soutni emisyon an
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn (Plis detay pran lari sou sabotaj liy gaz Larisi ki pote gaz nan ann Ewòp; Demen Putin ap rekonèt 4 zòn ki te nan Ikrèn yo ki fè referanndòm pou yon vin fè pati Larisi anndan Larisi epi l ap prezante yon diskou enpòtan
-Kontra Larisi ak Taliban yo k ap dirije Afghanistan pou Larisi vann yo gaz, luil, ak ble
-Gwo dega siklòn Ian fè nan Kiba ak zòn Fort Meyers nan Florid
-Manifestasyon yo ap pran plis chalè nan 4 kwen peyi nou: Sote ponpe, fòk chodyè a chavire
-Òganizasyon Panamrikèn Lasante rejte Florence Duperval Guillaume kòm kandida Ayiti te pwopoze pou dirije òganizasyon sila a
-Montana estomake; Ted St Dic tire ak boulèt wouj sou prezidan li Fritz Jean
Anons