Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA pa p manifeste devan konsila Ayiti nan New York la demen; Nou pral fè solidarite ak fanmi endijèn yo k ap make Jounen Nasyonal Dèy la nan Plymouth, MA nan plas fèt "Thanksgiving" nan
Donald "Gwo Moso" Trump di menm jan Meriken pa pèdi batay Christmas la yo pa p pèdi Thanksgiving
Nou li yon moso nan deklarasyon UAINE (United American Indians of New England) ki bay verite sou selebrasyon "Thanksgiving" nan
Nouvèl:
-Otorite nan peyi Lafrans louvri yon ankèt sou sasinay 2 franse yo ki pèdi lavi yo Ayiti dimanch lan
-FMI di twòp dilatwa fòk yon gouvènman monte prese prese nan peyi d Ayiti pou konpa yo a ka mache
Jedi pwochen k ap 5 desanm, 3pm-6pm n ap manifeste devan biwo Kelly Craft ki reprezante Etazini nan LONI ki t al Ayiti semèn pwochèn nan - Kwen 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Tribinal nan Bahamas kondane 4 Ayisyen ki debake nan peyi yo ak fo papye: Jij la di seswa yo chak peye 3 mil dola vèt oswa yo pase 9 mwa nan prizon
Liy ouvè ak oditè yo