Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Yon bèl sèvis lantèman fèt samdi ayè a pou selebre lavi gran frè nou Jean Duval ki te fè travèse li 24 desanm 2022 nan laj 94 lannen
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Lapolis nan Memphis, TN sasinen Tyre Nichols, yon jèn gason nwa 29 lannen
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Gadkot Meriken bloke yon batiman kanntè ak 300 Ayisyen abò tou pre Mòlsennikola
-Kanada panko sezi yon grenn dola ak ti jwèt sanksyon li yo
-Yè dimanch lan, lapolis nan Fò Libète ak Okap te leve kanpe manifeste ansanm ak popilasyon an nan solidarite ak polis k ap tonbe anba bal nèg ak zam san yèrachi lapolis la pa leve yon ti dwèt pou ede yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons