Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) sou sitiyasyon peyi nou; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) sou sitiyasyon kominote a epi sitiyasyon peyi nou; Dyalòg sou yon potansyèl "Konferans Nasyonal", ki moun ki ta ka ladan l epi kote sa ka mennen nou
Nouvèl:
-Yè Prezidan Kenya a William Ruto anonse li lage pye l, l ap rantre tout sòlda li yo lakay li; Kòm li konvenki se ofisye l yo ki te kenbe peyi nou, li mande "kominote entènasyonal" la asire tout bagay nan plas yo pou Ayiti pa efondre nèt apre l ale
-Ekip Trump lan voye email ba Ayisyen ki te rantre nan pwogram Biden nan mare pakèt yo pou yo tounen lakay li; Yo di yo tèlman gen bon kè y ap peye vwayaj avyon an epi y ap fè chak grenn Ayisyen ki tounen kado mil dola vèt!
Liy ouvè ak oditè
Anons