Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Moriso Lewa - Sa m di nan sa; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Feliks Moriso Lewa - Sa m di nan sa
Nouvèl:
-Ansyen prezidan Lafrans Nicolas Sarkozy koumanse pije pèn li nan prizon jodi a
-Yon gwoup moun lapolis pa idantifye kase Mize Louv nan vil Pari dimanch maten epi yo pati ak gwo bijou wololoy; Anpil moun se vòlè k ap vòlè vòlè
-Gouvènman Meriken an kontinye ap bonbade batiman li di k ap trafike dwòg
-Trump ajoute Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro akote Nicolas Maduro nan lis chèf deta li di ki se gwo machann dwòg
-Laprès Meriken rapòte se gwo rèl Gwo Moso Donald Trump fè sou Volodimir Zelensky vandredi a epi l ta parèt papye ka siyen pou batay kanpe nan pwochen rankont Trump ak Putin nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo
Anons