Jounal Miami Herald te fè yon revelasyon enpòtan lè li te rapòte nan dat 4 septanm 2024, Etazini ap konsidere transfòme Misyon Sipò Miltinasyonal Sekirite (MMS) an Ayiti nan yon operasyon lapè Nasyonzini. Malgre chanjman sa yo, misyon an ap toujou fè fas ak defi enpòtan.
Genyen plizyè faktè ki te kontribye nan echèk misyon Kenya a an Ayiti, men se absans yon plan sekirite solid ki sanble kòz prensipal la. Akoz pat gen yon plan sekirite efikas pou konbat gang yo , travay misyon an pa bay bon rezilta sou teren. Misyon an te fè fas ak defi lojistik enpòtan, tankou mank resous pou fè operasyon nan lè ak sou lanmè. Sa lakoz , pa gen gwo pwogrè ki fet nan remete sekirite an Ayiti. Jodya, Gang ame yo kontwole prèske 80% nan kapital la, Pòtoprens, ki gen ladanl yon gwo zòn kotyè, sa ki limite aksè a pò enpòtan peyi a ki se pwen kle pou komès ak distribisyon. Plizyè milye moun ki te kouri kite kay yo akoz vyolans gang yo toujou nan lari, Ayisyen paka sikile lib e libè nan peyi yo.
Misyon sekirite entènasyonal yo gen difikilte pou adapte yo ak yon sitiyasyon konplèks, kote faktè lokal yo, tankou pouvwa gang yo ak frajilite enstitisyonèl peze lou. Anplis, objektif misyon entènasyonal yo souvan pa aliyen ak bezwen plis aspirasyon pep ayisyen an. Sa kontribye nan pèsepsyon entèferans oswa mank lejitimite.
Misyon lapè Nasyonzini yo sa yo pwovoke tre souvan chòk grav nan psikoloji nasyonal la ki poko jwenn gerizon. Sitiyasyon sa yo makonnen ak mank lejitimite otorite ayisyen yo eksplike poukisa moun nan Pòtoprens ak nan rès peyi a manke konfyans nan misyon lapè Nasyonzini yo. Ayisyen peye konsekans ensifizans ak iresponsabilite misyon sa yo, souvan ak pri lavi yo, epi nan gade peyi yo kap fe bak.
Se Sekrete Deta meriken an mouche Anthony Blinken ki bay Misyon Kenya a denye Kout tiwel la. Anverite, pyes teyat la pa chanje . Se menm penpenp la , menm akte yo, menm rezilta yo. Patriyòt ak pwogresis ayisyen yo dwe ini fòs yo epi mobilize entèlijans yo pou devlope solisyon solid pou adrese pwoblèm konplèks peyi nou , Ayiti.