Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou salye Yolande Pierre-Antoine ak pitit gason li Gulshan ki Ayiti ak li semèn sa a
Nou salye Marie Felix nou te gen chans pale ak li jodi a
Nou salye travèse militan Marie Claude Blass, lantèman l te fèt wikenn ki sot pase a
Salye Ayiti nan studio
Jodi a ansyen militè patriyòt Dany Toussaint fè travèse l. Nou jete dlo pou bout wout li te fè nan kan pèp la
Nou voye mo kouraj pou fanmi yo nan zòn Pòtoprens ki pa ka rantre yo pa ka sòti nan vil la
Nan peyi Pewou Gouvènman an mele ak kadav Abimael Guzman (Chairman Gonzalo) paske yo pa vle pou kote l ta antere a ta vin yon sit pelerinaj pou moun k ap batay pou chanjman yo
Nan Kongrè Meriken an plizyè jèn fi ki te nan ekip olenpik jimnastik Etazini an ki viktim abi seksyèl pale pou denonse lefèt ke majorite moun ki te louvri baryè pou sa te fèt yo ap fonksyone lib e libè
Liy ouvè ak oditè yo
Plizyè jèn doktè ki gradye nan UNIFA (Inivèsite Fondasyon Aristide) pran wout Gran Sid la pou yo; atik Miami Herald ki salye kouraj plizyè lòt jèn doktè Ayisyen k al pote konkou yo
Nou pase yon ti moso nan yon entèvyou Dany Toussaint te fè sou koudeta 30 septanm 1991 la
Liy ouvè ak oditè yo