Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou pase yon entèvyou nou te fè ak Pascal Jean-Baptiste nan Granrivyè Dinò an 2008
Nouvèl:
-Yon bèf tonbe! Apre gwo deklarasyon kote l te sèmante l pa p demisyone, Premye Minis Angletè Boris Johnson anonse demisyon li
-LOTAN anonse menm lè Finlann ak Lasyèd pral rantre nan òganizasyon sila a yo pa gen okenn entansyon mete baz militè nan 2 peyi sila yo
-Yè Mèkredi a Rodolphe Jaar parèt devan jij nan tribinal Miami epi li plede inosan sou akizasyon li ta patisipe nan sasinay vòlè apatrid Jovenel Moise
-Tout gwo jounal Etazini yo ekri atik sou Ayiti pou make 1 an depi sasinay Jovenel Moise; Madichon pou tout apatrid, tchoul restavèk k ap kriye, k ap fè fim, epi k ap mande jistis pou Jovenel Moise jodi a
-Laboratwa Meriken yo Ministè Sante te voye fè tès yo di echantiyon yo negativ pou varyòl senj la (monkeypox)
-Panama voye ansyen minis Evans Lescouflair Ayiti pou l vin jije
Liy ouvè ak oditè yo