Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou malfezans responsab Andrew Cleckley Funeral Home yo ki lage kadav fanmi nou yo ap gate anndan kamyon UHaul sou Utica Avenue nan Brooklyn nan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl Premye me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Salitasyon espesyal pou sè nou Marie Dimanche, responsab nan Solidarite Quebec Haiti; Marie pèdi manman li nan Montreal nan vag lanmò Kowonaviris la Mèkredi ki sot pase a
Nouvèl:
-Akizasyon abi seksyèl ak kadejak kont alatèt Federasyon Foutbòl Ayisyen an Jean Yves "Dadou" Jean-Bart
-Jounen Mondyal Libète Laprès ap pale nan mitan gwo maspinay lapolis Ayisyen ap fè sou jounalis
-Eskandal pou yon lantèman fèt nan Tèryewouj paske popilasyon an di moun ki mouri kowona pa gen dwa antere lakay yo
-Diferan reyaksyon lapolis NY parapò ak jan yo aji nan yon kominote nwa nan Manhattan epi nan yon rasanbleman kominote Juif nan Brooklyn ki t ap fè yon lòt lantèman
-Dirijan Koredinò a Kim Jong Un bèlebyen vivan ap jere zafè peyi li; Tout pawòl kòmkwa l ta mouri yo se te bri sapat
Liy ouvè ak oditè yo
Anons