Son manif kont Ariel Henry nan LONI; Prince Tiecoura Dessalines; Jafrik: Ti dlo kannal la twò piti pou lave salòp yo...
****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Samdi a se te lantèman Manmi Laurette (Marie Laurette Mathieu), manman sè nou Mirlande Paillere ki se manm KOMOKODA; Yon lòt fwa ankò nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi an
Nou pase son manifestasyon KOMOKODA kont prezans Ariel Henry nan LONI Vandredi a
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Ti koze ak frè nou Jafrikayiti: "Ti dlo kannal la twò piti pou l lave tout salòp yo k ap chache netwaye tèt yo ak li"
Liy ouvè ak oditè yo