Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki kenbe men ak emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons: Prezantasyon liv Ana Maria Belique ki rele Poupe Dieula a, nan lokal Flanwayan an, 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn nan, dimanch 19 fevriye 3pm-5pm
Dyalòg ansanm ak frè nou Jafrikayiti sou kèk dosye:
-Pi gwo izin nan Pak Endistriyèl Karakòl la S&H Global anonse l ap fèmen
-Gouvènman Meriken an ap simen plis konfizyon nan dosye sasinay ti vòlè apatrid Jovenel Moise la: Mannigèt bouzen!
-Ti refleksyon sou 44yèm Rankont chèf peyi CARICOM yo
Liy ouvè ak oditè yo