Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se 28 oktòb, Jounen Entènasyonal Kreyòl: Nou tout Ayisyen se Kreyòl nou ye!
Jodi a tou se fèt ti sè nou Altagracia Jean Joseph ki se korespondan emisyon an nan Repiblik Dominikèn: Nou swete fanmi an sante, sante, epi plis sante toujou pou l ka travèse pikan kwenna lavi a
Ti ranmase sou lavant liv Kreyòl nou te fè chak dimanch pandan mwa oktòb la pou n ankouraje plis Ayisyen li epi ekri Kreyòl
Ayibobo pou sè nou yo Zermatt Scutt ak Abdaly Lessage nan "Edisyon 2 Kreyòl yo" pou gwo epi bèl travay y ap fè nan Jakmèl pou lang Kreyòl la epi pou pèp Ayisyen an tou
https://2kreyolyo.com/
Nou remèsye fanmi ki te pase nan lavant lan yè dimanch lan anvan nou te rive epi k kite yon pil bon bagay pou nou. Yon lòt fwa ankò n ap eskize n pou reta a epi n ap di w Mèsi anpil!
Nou remèsye Wynnie Lamour ak Darnelle Champagne nan Jaden Timoun ki fè pati Haitian Creole Institute pou kolaborasyon yo pandan mwa Kreyòl la
http://www.haitiancreoleinstitute.com/jadentimounlinks/
Nou remèsye fanmi nan Long Island ki voye patisipasyon l pou ede emisyon an kenpe. Nou apresye sa.
Ti ranmase sou aktivite pou selebre lang Kreyòl ki fèt nan Brooklyn College pandan wikenn nan
Ti ranmase sou selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl jèn Flanbwayan yo te òganize samdi a
Ti ranmase sou aktivite fanmi nou yo nan IFCO/Pastors for Peace te fè samdi swa pou onore travay Lucius Walker. Konpliman pou 2 jèn nan komite TPS Haitian Women for Haitian Refugees, Melissa ak Naisha, IFCO te onore pandan sware a
Nou di pèp Ayisyen an veye kamileyon ki fè 7 an 7 mwa ak PHTK epi jodi a yo vle pèp la konprann yo nan opozisyon epi y ap mennen nou nan latè pwomiz
Nou li ti moso nan liv "Yon lekòl tèt anba nan peyi tèt anba" konpatriyòt Iv Dejan ekri
Liy ouvè ak oditè yo
Nou li ti enfòmasyon sou lavi Maurice Sixto ki pibliye nan pwogram selebrasyon lang Kreyòl ki te fèt nan Brooklyn College