Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò lantèman matant mwen Marie Françoise Jean-Baptiste; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Roselyn!
Lantèman Marie Francoise Jean Baptiste
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Propriyetè App ICEBlock yo ap asiyen gouvènman Trump la nan tribinal pou presyon yo te fè sou konpayi Apple pou l te fèmen app la
-Gouvènman Jamayik la ap negosye ak Bill Clinton pou Fondasyon Clinton ta ede yo ranmase yon trilyon dola epi vin ede yo rebati Jamayik apre dega siklòn Melissa
-Menm komedi "Ayiti" nan koup dimond 2026 la sot fèt nan Miss Universe 2025 lan Thailand: Madmwazèl Melissa Queenie Sapini ki se yon pitit Ayisyen ki fèt nan Boston, k al patisipe nan yon simagri konpetisyon ki fèt Miami epi l al nan konpetisyon an nan non Ayiti nan Thailand
-Eric Adams, ti vòlò restavèk ki majistra lavil New York la fè yon dènye vwayaj kòm majistra ale Israel epi lè l tounen li siyen yon dekrè ki di moun ki vini apre l yo pa ka retire envestisman lavil la nan biznis Israyelyen
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Konbit pou sipò fen ane a
-Fèt fen ane KOMOKODA 6pm, samdi 13 desanm nan Flanbwayan
-Lantèman Frantzia ak Pojanee Fleury ap fèt samdi k ap vini an