Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Jodi a se Premye me, fèt agrikilti, fèt travay, fèt Kouzen Zaka. Nou salye tout moun ki pa rete bwa kwaze men k ap bwase lavi a jan yo kapab, kan yo konnen
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Nouvèl:
-Tribinal nan Angletè deside kondane responsab Wikileaks la Julian Assange pou l pase yon lannen prizon daprezavwa yo te lage l sou kosyon epi l pa t retounen
-Yon lòt mannèv koudeta Meriken ak ti restavèk li yo nan Venezyela fè bèk atè
-Gouvènman Meriken an deside trennen yon jij Meriken k rele Shelley Richmond Joseph ak yon ofisye tribinal la k rele Wesley MacGregor paske yo te fè mannèv pou anpeche imigrasyon arete yon imigran san papye pou depòte l
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue