Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab nan Flanbwayan Haitian Literacy Project sou pwogram CUNY-Laguardia pou prepare enfimyè ki soti nan lòt peyi pou y al pran ekzamen lisans yo pou yo pratike Ozetazini
Nouvèl:
-Gouvènè Massachussetts Charlie Baker mande administrasyon Biden nan leve pye l sou dosye refijye Ayisyen li pèmèt rantre Ozetazini yo
-Daniel Supplice ki se "Anvwaye Espesyal" Ariel Henry voye al adrese chirepit Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan retounen Ayiti apre 6 jou kay vwazen
-Administrasyon Biden nan anonse $2B jiska $3B pou efase dèt 30 mil etidyan k t al nan kolèj ak lekòl metye pa bò isit
-Plis pase 2 mwa apre siyati a gouvènman k ta dwe soti nan "Akò Primati" a mal pou ateri
-Lapolis nan peyi Tiki arete Samir Handal sou demand Ayiti ki di msye ta mele nan sasinay Jovenel Moise
Refleksyon nou sou rankont COP26 ki fini samdi a kote gwo peyi yo t ap gade jan yo ka adrese tanperati planèt la k ap monte san yo pa chanje anyen nan fason y ap mennen biznis yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons