Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou salye memwa frè nou Chenet Adrien ki fè travèse li depi 11 avril 2020 men nou fèk aprann sa
Nou salye sè nou Yolette Jules (Joujou) k ap selebre anivèsè nesans li jodi a
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 12 mas 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
KOMOKODA ap patisipe nan Jounen Solidarite Entènasyonal ak Ayiti lendi 29 mas 2021: N ap manifeste devan Misyon Etazini nan LONI, Midi pou 3PM
Jij ki te chita sou dosye dola senkant ak 5 santim chak minit la deside voye dosye a jete kòmkwa li pa nan konpetans yon tribinal Meriken
Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Larisi di peyi li pare pou mache ansanm ak pèp Ayisyen an seswa nan nivo bilateral oswa atravè BINUH nan Nasyonzini
Liy ouvè ak oditè yo
Nou salye Dede, manman sè nou Altagracia k ap selebre anivèsè nesans li jodi a; Nou swete l Sante Sante Sante!
Leta Minnesota fè antant ak fanmi George Floyd pou 27 milyon dola
Nou ri komedi sou Ayiti ki fèt nan Komisyon Afè Etranjè Meriken an semèn pase: Ansyen Anbasadè Meriken-PHTK Pamela White soti pou pase kòm defansè pèp Ayisyen an ak lòt payas k al pote mèt ke Jovenel Moise plent pou Jovenel Moise
Ti ranmase sou selebrasyon Eritye Papa Desalin te òganize yè dimanch la nan okazyon Mwa Fanm nan