Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
Konbit pou Operasyon Bare Jovenel nan Nouyòk
Ti koze ak frè nou Mèt Paul Maurice Francois pou n ankouraje kominote a konprann dyaspora a gen wòl li pou l jwe nan batay k ap fèt lakay la
Nouvèl:
-Federasyon Siklis nan Karayib la deside anile konpetisyon yo ki te pral fèt an Ayiti soti 25 pou rive 27 oktòb ane sa a
-Nou ankouraje oditè yo bay konkou yo jan yo kapab pou ede sè ak frè nou yo ki viktim siklòn Dorian nan Bahamas
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
-Mobilizasyon pou manifestasyon devan Konsila Ayiti nan NY la demen 3pm: 815 2nd Avenue ant 43rd ak 44th Avenue
-Nou envite fanmi an vin fete 261yèm anivèsè nesans Vanyan Janjak Desalin ak nou 7pm, Vandredi 20 septanm nan lokal Flanbwayan an, 208 Parkside Avenue