Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 3 desanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Sèvis Jezuit pou Migran nan peyi d Ayiti fè konnen se 12,000 Ayisyen Gouvènman Meriken an pimpe Ayiti soti mitan mwa septanm pou rive fen novanm ane sa a
-Gouvènman Meksiken an di l siyen akò ak refijye yo pou l ba yo viza pou 1 an akondisyon yo dakò rete Meksik, yo pa pran wout ale chache travèse fwontyè Etazini
-Gouvènman Ayisyen an jwenn sipò Meriken pou l louvri yon konsila nan Tapachula
-Anbasad Kanada ann Ayiti demanti enfòmasyon k ap sikile nan nèt la pou fè konnen Kanada ap rekrite enfimyè Ayisyen pou al travay Kanada
-Gwo envestisè Pfizer ak Moderna yo ta rantre 10 milya dola nan ti bout tan depi koze Omikwon an ap bay panik nan lari a
-Varyasyon Omikwon ta sanble yon gwo van ti lapli
-Administrasyon lopital Sakrekè nan Milo anonse y ap relouvri nan jou k ap vini yo
-Gwoup misyonè Chritian Aid Ministries anonse liberasyon 3 lòt nan misyonè blan yo
-Majistra lavil NY la Bill deBlasio deside tout biznis prive nan vil la gen obligasyon pou asire tout anplwaye yo pran vaksen pou pi ta 27 desanm
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project sou "Pop-Up Shop" y ap òganize samdi ak dimanch k ap vini an
Liy ouvè ak oditè yo