Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Konsekans ekonomik lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi sou rès mond lan
-Avoka Madan John Joseph Joel ak pitit li yo mande tribinal Jamayik pou wete moun yo nan detansyon kote y ap pase gwo mizè epi voye yo lakay yo Ayiti san pèdi tan
Ti koze ak frè nou Tony Jean Thenor ki se responsab nan òganizasyon Veye Yo sou mobilizasyon k ap fèt pou kwape espektak Martelly nan Little Haiti Cultural Complex samdi k ap vini an
Nouvèl:
-Responsab Biwo Suivi Akò Montana yo fè konnen te gen yon dezyèm ti rankont an prive kote Ariel Henry te vin vizite potomitan Akò Magali Comeau Denis lakay li; Yo di ti bourik la ap mache epi yo asire nan 15 jou y ap rive nan yon antant definitif ak Ariel Henri
Liy ouvè ak oditè yo