Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ti koze ak 3 sè nou nan KOMOKODA (Mirlande Paillere, Julie Bazile, ak Marie Lourdes St Jean Beauté) pou n ankouraje fanmi yo deplase pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt demen madi 29 mas la, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI, 45th St ak 1st Avenue nan Manhattan
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 25 mas 2022 ak sè nou Fabyèn Yasent
Nouvèl:
-Dènye nouvèl sou lagè k ap bwase nan Ikrèn ant Etazini ak Larisi
-Apre 10 lannen kote bandi legal PHTK ap vòlè, ame gang, fè vyolans nan peyi a Martelly mande lapè ak tèt ansanm pou peyi a devlope
-Minis Jistis gouvènman restavèk la dakò pou deplase Palè Jistis la soti sou Bisantnè a poutèt ensekirite
-Nan yon entèvyou li bay Haiti Premiere Classe, prezidan Montana a Fritz Jean bat bravo pou Homeland Security Meriken ki louvri yon biwo envestigasyon anndan anbasad Meriken an
Liy ouvè ak oditè yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt madi pwochen 29 mas, 3-6pm anfas Nasyonzini ak Misyon Etazini nan LONI, 45th St ak 1st Avenue nan Manhattan