Premye Koze: Leve Kanpe Tanmen pou Prezève epi Ranfòse Demokrasi. Moun kap analize di anvantay demokrat yo sòti nan fason yo ranmase yon gwo mouvanm leve kanpe ki tanmen nan peyi a pou prezève demokrasi. Sonje Prezidan Trump se yon politisyen ki gen tandans kraze brize e li pare pou l elimine anpil nan gany ak dwa moun te konkeri nan sosyete meriken an, tankou dwa pou avòtman, dwa moun LGBTQ+, ak asirans medikal. Anplis, Prezidan Trump pwomèt pou l fèmen fwontyè yo, depòte imigran yo, epi kraze NATO, yon alyans ki mare Etazini ak lòt gwo peyi oksidantal yo.
Dezyèm Koze: Mouvman pou Prezève Demokrasi Ozetazini se yon mak Lanmou pou peyi a. Anpil moun te etone lè yo te aprann Prezidan Biden te deside pa kandida pou yon dezyèm manda, yon desizyon ki te vize ogmante chans Pati Demokrat la pou l genyen pwochen eleksyon yo. Sa te reprezante yon gwo sakrifis Prezidan Biden fè pou benefis peyi l.
Twazyèm Koze: Tèt Ansanm pou Wete Demokrasi nan Move Pas. Youn nan siksè mouvman pou prezève demokrasi Ozetazini se rezilta yon gwo tèt ansanm pami divès gwoup enterè ak kategori moun ki deside mete fòs yo ansanm pou fè enterè yo tounen yon majorite an favè defans enstitisyon demokratik yo.
Katriyèm Koze: Politik pou Pezoud Pwoblèm . Menas ekstremis ladwat kont demokrasi Ozetazini manifeste nan plizyè fòm tankou tantativ pou minen enstitisyon ki kenbe balans pouvwa a, vyolans politik , ranvèse anpil pwogrè ki te fèt nan domèn dwa sivil ak egalite, demantle pwogram sekirite sosyal yo, depòte an mas imigran elt. Tout aksyon sa yo gen entansyon wete kapasite gouvènman an pou l travay pou byennèt komen pandan y ap favorize enterè espesyal ak ideyoloji ekstremis.