Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Donald "Gwo Moso" Trump bat lestomak li pou jan sòlda federal li te voye nan Portland, Oregon yo mate mobilizasyon pèp la, epi l di Chicago, New York, Philadelphia, Detroit, Baltimore, ak Oakland pa yo nan wout
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Bravo pou òganizasyon UNIA ki fè gwo fèt nan Liberia epi nan NY la nan okazyon 106yèm anivèsè fondasyon òganizasyon an 20 jiyè 1914
-Gadkòt Meriken arete 23 migran Ayisyen nan Delray Beach, nan Florida. Yo te sou kannòt ki soti Bahamas; Yo pimpe yo tounen Bahamas pou Bahamas limenm voye tounen Ayiti
-2 gwo bwa nan mouvman "Civil Rights" Nwa Meriken yo fè travèse yo semèn ki sot pase a: Depite John Lewis ak Rev. C.T. Vivian
-Depatman lajistis nan nouvo gouvènman ladwat peyi Ekwatè a konfime kondanasyon ansyen Prezidan Rafael Correa pou koripsyon epi pinisyon pou l ta fè 8 lannen nan prizon epi pou l ta fè 25 lannen li pa gen dwa kandida nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons