Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Batay pou lang Kreyòl la se batay pou lavi tout Ayisyen; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Pou ki sa batay pou lang Kreyòl la toujou la pi rèd; Nou envite fanmi an vin patisipe nan Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl n ap òganize 7pm demen madi 28 oktòb nan lokal Flanbwayan an
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Siklòn Melissa ap fè ravaj lakay nou epi plizyè lòt kote nan karayib la
-Gang teworis Jimmy "Babekyou" Cherizier k ap menase lavi epi joure manman Danny Shaw
-Teworis ki alatèt gouvènman Meriken an kontinye ap bonbade epi touye moun nan ti kannòt lapèch peyi Venezyela
-Se Eldon Gordon, yon kolonèl Jamayiken k ap kòmande Fòs pou Kraze Gang lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons