Segman imigrasyon ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Diplis sou koudeta nan Gabon an; Kan Meriken an pran kou nan Siri; Kolonbyen Jovenel yo devan Jij Voltaire
******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe
Anons
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Pwogram Biden nan devan jij nan Texas; Pandan l ap mande tout Meriken kite Ayiti, Biden kontinye depòte Ayisyen
Nouvèl:
-Diplis sou koudeta nan Gabon an
-Gwo atak sou ekip patizan Meriken yo nan Syria
-Finalman Kolonbyen ki nan prizon ann Ayiti depi plis pase 2 lannen pou sasinay ti komik Jovenel Moise yo koumanse parèt devan jij
-Arabi Saoudit kondane yon sitwayen yo Mohammed bin Nasser al-Ghamdi pou yo touye l paske l pataje mesaj kont gouvènman peyi a nan medya sosyal
Liy ouvè ak oditè yo
Anons