Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt demen mèkredi 31 out 2022 a, 3pm-6pm, kont Etazini ak Nasyonzini pou denonse politik yo ki lakòz jenosid, lamizè, ak ekzòd nan peyi nou
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Inondasyon nan Pakistan makònen ak yon kriz politik
-Batay pete, bonb ap eklate anndan "green zone" nan Bagdad, kapital peyi Irak apre chèf Mizilman Chiyit Muqtada al-Sadr anonse l ap demisyone nan politik
-Manifestasyon yo kontinye toupatou nan peyi nou
-Edikasyon Nasyonal ann Ayiti anonse ouvèti lekòl nan peyi a ki te dwe fèt 5 septanm ranvwaye pou 3 oktòb
-Prezidan Kiben an Miguel Diaz-Canel anonse pitit gason Vanyan Che Guevara ki te rele Camilo Guevara March fè travèse li yè lendi a nan Caracas apre l fè yon kriz kadyak
-Gadkot Meriken anonse samdi a yo te bloke yon batiman kanntè Ayisyen sou lanmè ant Bahamas ak Miami; Ti ranmase sou dokiman òganizasyon Quixote Center pibliye pandan wikenn nan sou refijye Meriken ap bloke yo
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt demen mèkredi 31 out 2022 a, 3pm-6pm, kont Etazini ak Nasyonzini pou denonse politik yo ki lakòz jenosid, lamizè, ak ekzòd nan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Dimanch 28 out lan fè 2 zan depi asasen te koupe souf Mèt Monferrier Dorval
-Dimanch 28 out lan fè 28 lannen depi asasen te koupe souf Pè Janmari Vensan
-Se te yon gwo wont pou n te wè jan anpil moun nan kominote a t ap voye ti vakabon Carrie Solages monte pou "primary" eleksyon kongrè Meriken
Remèsiman pou oditè yo ki ede nou pote chay la pou emisyon an ka kenbe