Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Refleksyon nou sou lanmò jounalis Liliane Pierre Paul
Liy ouvè ak oditè yo sou lanmò Liliane nan
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Peyi Mali, Burkina Faso, ak Gine salye pèp peyi Niger ki leve kanpe kont yon gouvènman restavèk loksidan ki t ap souse yo; yo rejte sanksyon CEDAO yo; epi yo di nenpòt ki peyi ki ta atake Niger y ap rantre nan batay la
-Yè lendi a peyi Etazini anonse se yomenm ak Ekwatè k apral pote rezolisyon entèvansyon militè sou Ayiti peyi Kenya ta gen pou l dirije a; Anplis yo anonse y ap pran tout responsabilite depans entèvansyon ak okipasyon an
-Eta Massachussetts se gren eta Ozetazini ki gen yon lwa "Right to Shelter" ki ekzije yo ebèje tout fanmi ki pa gen kay ki gen omwen timoun ki gen mwens pase 21 lannen nan fanmi an
-Yon ansyen biznis patnè Hunter Biden temwanye nan Kongrè Meriken an sou koripsyon fanmi Biden nan; Nou pase vwa Joe Biden k ap di jan l fòse ansyen prezidan Ikrèn Poroshenko revoke yon avoka leta ki t ap envestige koripsyon nan konpayi Burisma ki te anboche Hunter Biden kòm konsiltan; dokiman pran lari sou 6 gwo bank ki te rele anmwe sou 170 tranzaksyon sispèk fanmi Biden nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons