Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye tout Ayisyen ki ranmase kouraj yo pou selebre fèt Gede kòmsadwa
Nou ankouraje sipòtè Radio Omega yo kouri vin pran tikè yo pou gwo fèt radyo a ap fè samdi pwochen
Nou ankouraje fanmi ki nan 45yèm district nan Brooklyn nan ki pral vote demen pou yo jete yon bilten pou Anthony Beckford; Se pou moun ki swe pou nou pou n chanje chemiz
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Premye novanm 2019 la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Gwo rankont ant Valdimir Putin ak 43 chèf deta Afriken nan vil Socchi nan peyi Larisi
-CARICOM plenyen dèske depi ete a l ap chache voye yon delegasyon Premye Minis 3 peyi manm òganizasyon sila a pou al evalye sitiyasyon peyi d Ayiti men Jovenel refize ba yo lese pase
-"Ba yo baton epi ba yo manje": Taiwan bay sipò militè pou ede Jovenel mate pèp Ayisyen an epi Meriken an bay manje pou adousi lari a
-Gouvènman Trump lan anonse pwolongasyon TPS jiska 4 janvye 2021
Refleksyon nou sou manifestasyon ki fèt nan Brooklyn nan yè Dimanch lan
Anons