Mizik pou louvri: Rezistans - Sò Àn
2 ti mo salitasyon Fritzner ak Dahoud
KOMOKODA salye tout fanmi isit ak lakay ki branche k ap koute emisyon an
Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi ak zanmi sè nou Myriam Augustin nan okazyon travèse li; Memoryal li te fèt jodi a
Mobilizasyon KOMOKODA pou kominote a manifeste pou pote kole ak pèp Ayisyen an anndan peyi a rive bloke eleksyon bidon an epi pou dechouke Jovenel Moise:
-jedi 24 jen, 3pm-6pm devan Misyon Etazini nan Loni devan Nasyonzini @ 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan
Nou fè yon bon koze ak frè nou Widens Pierre ki se yonn nan animatè nan Radio Tele Timoun
Nouvèl:
-ULCC mande bank nan peyi a pou bloke 260 milyon goud moun ki asosye ak antrepriz Real Business Enterprise fanmi Boulos ap jere akoz lajan yo di li dwe leta
-Prezidan tribinal Kasasyon an Rene Sylvestre ki te lopital pou kovid-19 fè travèse li jodi a
-Fanmi Lavalas mete premye deklarasyon yo deyò sou kondisyon sante Prezidan Aristide
-Peyi Giyàn deside ekzije pou sitwayen Ayisyen ak Kiben k ap rantre lakay yo gen viza depi anvan yo deplase pou vin nan peyi sila a
-Nou bay rezilta kèk nan eleksyon "Primary" ki fèt ayè nan vil New York la
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA k ap fèt demen jedi 24 jen an, 3pm-6pm, devan Misyon Etazini nan Loni epi devan Nasyonzini sou 45th Street ak 1st Avenue
Liy ouvè ak oditè yo